Blag: Deside avan ou achte - Germain

La connaissance, c'est de la richesse

Restez connecter avec nous sur les differentes plateformes a savoir instagram, twitter, youtube, facebook via le nom d'utlisateur: IstwaLakay

mercredi 21 novembre 2012

Blag: Deside avan ou achte

Yon ti gason al achte nan yon boutik:
- "Pa genyen pen ak manba?"
Machann nan di: 

- " genyen" 
  
ti gason an di : 

- " vann mwen pen ak bè." 
  
Yon lot jou li mande si pa gen coka. madanm nan di: 

- " genyen" 
  
li di: 

- "vann mwen yon pepsi." 
  
yon fwa anko li mande si pa gen Guiness. madanm nan di: 

- " genyen" 
  
li di: 

- "banm yon prestige." 
  
Fwa sa a madanm nan pete kolè li di: 
"Wou, ti gason sa ou frekan anpil, chak jou ou vinn mande yon bagay se yon lot ou fèm vann ou m pral di papaw sa wap regle. Le papa l tande sa li di: 

"se vre madanm ou gen rezonw ma pral dresel kounyeya, ou gen rigwaz?" 
machann nan di: 
- " wi" 

papa a di: 
- "enben vann mwen yon matinèt."

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire