Blag: Separasyon Byen - Germain

La connaissance, c'est de la richesse

Restez connecter avec nous sur les differentes plateformes a savoir instagram, twitter, youtube, facebook via le nom d'utlisateur: IstwaLakay

jeudi 22 novembre 2012

Blag: Separasyon Byen

Gen yon nèg rich ki rele 2 moun nan chak nasyon pou l' ba yo byen. men ak kondisyon si li bay premye a yon bagay, l'ap double l' bay dezyèm nan. li rele 2 chinwa, premye a mande yon satelit, dezyem nan jwenn 2. ameriken rive, premye a mande yon gwo bilding, dezyèm nan jwenn 2. tout nasyon ap pase konsa. lè kou pa 2 ayisyen yo rive, youn pa vle pase avan pou lòt la pa jwenn plis. Ala fen sak pi fòkè a avanse, li gade lòt ayisyen an epi li di nan kè l': "si m' mande yon kay, misye ap jwenn 2. si m' mande yon avyon, misye ap jwenn 2. si m' mande 1 milyon dola, misye ap jwenn 2." misye di nèg rich la, mwen reziyen m', ou mèt pete yon je m'!

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire