Blag: Yon Ayisyen ak Yon Dominiken Fas A Lisifè Nan Lanfè - Germain

La connaissance, c'est de la richesse

Restez connecter avec nous sur les differentes plateformes a savoir instagram, twitter, youtube, facebook via le nom d'utlisateur: IstwaLakay

jeudi 22 novembre 2012

Blag: Yon Ayisyen ak Yon Dominiken Fas A Lisifè Nan Lanfè

Se te yon Ayisyen ak yon Dominiken ki tap plede goumen. Finalman yonn touye lòt. De lennmi yo al nan lanfè. Lè yo rive anba a, yo kwaze ak Mesye Lisifè. Satan mande nèg yo kisa yo vin chache nan patiraj li. Apre yo fin eklsplike li sa ki te pase, li fè pote de droum plen : Yon dwoum siwo ak yon dwoum poupou. Li di "Nou chak antre nan yon dwoum". Dominiken an ki te pi entèlijan gentan antre nan dwoum siwo a. Ayisyen an pa gen lechwa, li lage kò li nan dwoum ki gen pwodui cho a. Nou pa bezwen mande jan bagay sa a te gen move lodè, poupou djab. Pandan yo nan dwoum nan, dominiken an ap griyen dan li sou malere ayisyen an. Lisifè di : "Kounya, soti nan dwoum yo, epi younn niche kò lòt." Mezanmi, se pa tout lè entèlijan bon, sitou nan lanfè .

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire